Ti Fan'm Sa

Ti fan'm sa

Grann mwen te toujou di-m
"Si m' tombe sou w chabin',
Pa plezante ak sa!

Menmsi se yon kouzin'
Chabin kalazaza
L'ap fé w maché opa
Lé w famn konsa damou
Li kapab rann ou fou
L'ap mete w sou branka

Malgré sa grann mwen di-m
Yon jou m'tombe damou
Pou w chabin' tetanba

Depi jou sa-a, m' gaye
Mwen swiv li tout koté
Lan soley, lan fénwa

Mwen janb matinik
Mwen ale lagwadloup
Chabin 'mwen toujou la

Li émé mazurka
Lo, l'vin' an ayiti
Fok li dansé konpa

Si grann mwen te konnen
Li ta ele lésen
Pou fé -m kité fanm sa- a...adyé!

Nou fé kék tan renmen
Epi w samdi mwa d'jwen
Nou désidé marye
Tou afé- m te pare
Men anvan kloch sonnen
Sa m'te pé- a rive

Yon lot boug debake
An chemiz twal de fil
Pantalon gabadin'

Li gadé chabin ' mwen
Li deklaré l' renmen-l
Li ofri-l vwayaje

San li pa di-m anyen
Chabin ' fé paket li
Li vire do- l l'ale

Depi jou sa-a mesye!
M' bliye kote m' rete
M' pa sav ki bom' pralé ché!

Nou fé kék tan renmen
Epi w samdi mwa d'jwen
Nou désidé marye
Tou afé- m te pare
Men anvan kloch sonnen
Sa m' té pé- a rive

Gad lan ki mizé
Fanm sa-a jeté mwen
Si grann mwen te konnen
Li ta plere pou mwen ....pov pitit!
Gad lan ki mizé
Fanm sa- a lese mwen
Soley - la pa levé
Lé w tandé m' pa wé-l
Ké-m sou lagraba
Di li:map ba li tou sa li bezwen
Sé li m'renmen

Gad lan ki mizé
Fanm sila- a lesse-mwen
Si gran mwen te wé-m
Li ta plere
Gad lan ki mizé
Fanm sila-a lese w:
Lé-w kwé sé boneu, se douleu
Ki antre lan ké w.

Gad lan ki mizé
Fanm sila-a lese w
Sonje sa w te di-m
Se an bra-m ,doudou
Se avé-m,chéri
Ou vlé mouri

Paroles:Syto Cavé
Musique:Mario Canonge
Audio CD Embarquement Creole
Date 1996
Produit Distribuer Arcade


Télécharger un extrait
Retour